Tablo Sivivan Lanmò Abizif nan Florid – Retounen pa Demann Popilè

funeral.jpgSe difisil pou konprann kiles ki ka kalifye pou konpansasyon anba “Lalwa Sivivan Lanmò Abizif nan Florid,” seksyon 768.16 jiska 768.26; se tankou konplete yon devinèt. Anba gen yon tablo ki fasil a konprann ki montre enfòmasyon sa a epi ki kalite konpansasyon ki ka disponib. En patikilye, seksyon 768.21 e enpotan anpil. Tablo a esplike seksyon sa a.

Dapre lalwa a, se sèlman “sivivan legal” ak byen moun ki mouri te kite dèyè a ki kalifye pou konpansasyon ki koze pa zak entansyonèl oswa neglijans ki fèt pa yon twazyèm pati. Yon Reprezantan Pèsonèl (RP), souvan yon manm fanmi pre moun ki mouri a, se nonmen pa tribinal la, apre yo fin bay avi pou lòt pati ki ka enterese nan jere byen moun ki mouri te kite dèyè a. Reprezantan nan anboche yon avoka pou jwenn dedomajman anba lalwa. Lòt sivivan ka anboche avoka pa yo, men, ofisyèlman, yo dwe avanse anba Reprezantan Pèsonèl epi avoka ki chwazi pa RP la. Tipikman, tout sivivan yo dako ak chwa RP la. Avoka la oubyen avoka yo okipe dosye a sou yon baz kontenjan, sa vle di RP, sivivan, ak byen moun ki mouri te kite dèyè a, pa oblije peye frè avoka davans. Si avoka rive jwenn bon rezilta ak dosye a, avoka a resevwa yon pousantaj nan dedomajman an ak tout frè ki asosye ak pouswit dedomajman an.

Ki moun ak kisa ki ka dedomaje anba lalwa varye selon sikonstans dosye a. Lalwa sa te defye anpil fwa nan tribinal la, men li toujour rete lalwa. Se selman aksyon Lejislati nan Florid la ki ka chanje lalwa a.

Gen anpil varyasyon oubyen eksepsyon lalwa a ki sanble yo pa gen sans ni yo pa jis. Pa egzanp, si moun ki mouri a gen yon mari oswa yon madanm ki toujou vivan, sa pral anpeche dedomajman pou pa paran moun ki mouri a. Lalwa a soustrè founisè medikal yo pou kèk ka lanmò abizif ki te koze pa neglijans medikal.

Mari/madanm mouri – Mari/madamn sivivan, men pa gen timoun sivivan Dedomajman pou mari oswa madanm sivivan:

  • Pèt kamaradri ak pwoteksyon decendent
  • Doulè mantal ak soufrans sòti nan dat aksidan
  • Pèt sipò ak sèvis sòti nan dat aksidan jiska dat lanmò (ak enterè)
  • Pèt sipò ak sèvis nan avni sòti nan dat lanmò (valè jounnen jodia)
  • Depans medikal ak fineray akòz lanmò ak aksidan moun ki mouri an, si depans sa yo te peye pa sivivan

Mari/madanm mouri ak timoun sivian epi mari/madam sivivan Dedomajman pou mari oswa madanm sivivan:

  • Pèt kamaradri ak pwoteksyon decendent
  • Doulè mantal ak soufrans sòti nan dat aksidan an
  • Pèt sipò ak sèvis sòti nan dat aksidan jiska dat lanmò (ak enterè)
  • Pèt sipò ak sèvis nan avni sòti nan dat lanmò (valè jounnen jodia)
  • Depans medikal ak fineray akòz lanmò ak aksidan moun ki mouri an, si depans sa yo te peye pa sivivan

Dedomajman pou timoun yo:

  • Pèt sipò ak sèvis sòti nan dat aksidan jiska dat lanmò (ak enterè)
  • Pèt sipò ak sèvis nan avni sòti nan dat lanmò (valè jounnen jodia)
  • Pou timoun minè yo (ki poko gen laj 25 an- Seksyon 768.18 (2) Lalwa Florid), oswa tout timoun si pa gen okenn mari oswa madanm sivivan, yo ka dedomaje akòz pèt kamaradri paran yo, enstriksyon, ak konsèy, epi tou doulè mantal ak soufrans sòti nan dat aksidan an

Paran mouri ak timoun sivivan men pa avek vèv sivivan Timoun Sivivan:

  • Pèt sipò ak sèvis sòti nan dat aksidan jiska dat lanmò (ak enterè)
  • Pèt sipò ak sèvis nan avni sòti nan dat lanmò (valè jounnen jodia)
  • Tout timoun ka dedomaje akòz pèt kamaradri paran yo, enstriksyon, ak konsèy, epi tou doulè mantal ak soufrans depi dat aksidan an

Timoun mouri ak paran sivivan men pa ak vèv sivivan ou timoun pa l Dedomajman pou paran akòz pèt timoun minè:

  • Doulè mantal ak soufrans sòti nan dat aksidan an
  • Depans medikal ak fineray akòz aksidan/lanmò timoun nan, si depans sa yo te peye pa paran sivivan yo

Dedomajman pou paran akòz pèt timoun ki rive nan laj majè:

  • Doulè mantal ak soufrans sòti nan dat aksidan an (toutotan pa gen okenn lòt sivivan yo)
  • Pèt sipò ak sèvis sòti nan dat aksidan jiska dat lanmò (ak enterè)
  • Pèt sipò ak sèvis nan avni sòti nan dat lanmò (valè jounnen jodia)
  • Depans medikal ak fineray akòz aksidan/lanmò timoun nan, si depans sa yo te peye pa paran sivivan yo

Dedomajman pou Reprezantan Pèsonèl, nan tout ka yo:

  • Pèt salè moun ki mouri a sòti nan dat aksidan an rive nan dat lanmò an, mwens pèt sipò sivivan yo, eksepte kontribisyon an-nati, ak enterè
  • Pèt akimilasyon potansyel nan byen moun ki mouri a kite dèyè a, ki te ka rezonableman atann si lanmò abizif pat rive, redwi a valè lajan jounnen jodi a, kapab rive nan men PR si (a) sivivan yo se swa yon mari oswa madam, oubyen pitit li yo; oswa (b) si moun ki mouri a se pa yon timoun minè (ki poko gen laj 25 an), pa gen okenn sipò ak sèvis pèdi, epi gen yon paran sivivan.
  • Depans medikal oswa fineray akòz aksidan oswa lanmò ki vin yon depans sou kont moun ki mouri a oswa ki te peye pa oswa sou non moun ki mouri a, eksepte dedomajman pou sivivan ki te peye depans sa yo.
  • Eksepsyon enpòtan nan eleman ki anwo yo:
  • Timoun ki rive nan laj majè pa ka jwenn dedomajman pour pèt kamaradri paran yo oswa doulè ak soufrans nan ka neglijans medikal
  • Paran yon timoun ki mouri ki te gen tan rive nan laj majè pa ka jwenn dedomajman doulè mantal ak soufrans nan reklamasyon neglijans medikal

Si ou, tankou mwen mem, pa wè okenn rezon valab pou eksepsyon sa yo, se pou fè lejislati nan Florid yo konnen ke ou ta renmen wè yo elimine.

(Tablo enpotan sa a te prepare pa Avoka Matye D. Levy, ki sòti nan Florid)

************************************************
Kontakte nou nan nimewo telefòn sa: 866-785-GALE oswa pa imel, pou ou ka aprann dwa legal ou yo.

Jeffrey P. Gale, P.A., ki se yon kabinè avoka ki baze nan Sid Florid, e angaje nan sistèm jidisyè pou jwenn jistis pou tout moun, sitou moun ki pòv, blese, bliye, moun ki pa gen vwa, pou pwoteje dwa moun sa yo nan fas opresyon gouvènman oswa kòporasyon yo. Nou pa reprezante gouvènman an, kòporasyon oswa enterè gwo biznis yo.